Semèn sa a sou Delaware State of the Arts Podcast, Kaitlin Ammon ap fè yon entèvyou ak Raye Jones Avery, yon aktivis kiltirèl nan Wilmington, ak James Ray Rhodes, direktè egzekitif Christina Cultural Arts Center (CCAC), ki tou nan Wilmington, sou evènman CCAC a ki pral dewoule a, “Sons of Resilience.” Pèfòmans lan prezante Raye Jones Avery akonpaye pa yon òkès nèf mizisyen ki dirije pa ansyen Direktè Mizik CCAC a, Gerald Chavis. Tout lajan an pral benefisye Fon Bousdetid Raye Jones Avery nan CCAC. Apre yo fin diskite sou travay enpòtan ak valab toulede ap fè pou ogmante ekite ak aksè nan domèn atistik la, Rhodes ak Avery pataje kijan “Sons of Resilience” te fèt. Konekte pou tande pale de sa epi pou aprann plis bagay sou Fon Bousdetid Raye Jones Avery la.
"Son Rezilyans" ap dewoule dimanch 7 novanm nan, apati 3è aprèmidi, nan House of Laffs nan Wilmington. Tikè yo koute $30 davans epi $35 nan pòt la, epi tout lajan an ale nan Fon Bousdetid Raye Jones Avery nan CCAC. Ou ka aprann plis bagay sou Son Rezilyans epi achte tikè sou paj Evènman CCAC la.
